Saturday, June 23, 2007

yo enstale youn antèn tawa byen enfom nan Tomond

Nan semèn ki sot pase la-a, yo enstale youn antèn tawa byen enfom nan Tomond. Antèn tawa sa-a prale pèmèt moun Tomond kominike pa telefon san pwoblèm avèk fanmi ak zanmi yo tout kote. Sa-a se bèl nouvèl developman ki fè tout kominote-a kontan. Nou deja resevwa plizyè kout fil depi Tomond e nou te rele moun pa nou yo san pwoblèm. Lè plis nouvèl tonbe n-ap mete-l la-a pou ou.

No comments: